Sa kòmanse nan yon senp istwa, yon senp istwa anpil moun ka rekonèt yo atravè li.
Sa kòmanse nan yon paran absan, fizikman, anpil fwa li pi mal si l absan emosyonèlman. Kote ou jwenn ou menm ki se timoun lan k ap chèche atansyon paran sa epi ki paka jwenn li.
Sa kòmanse nan yon kraze kite brital, kote ou te damou anpil, kote ou te fè konfyans avègleman epi moun sa rive trayi.
Kòmansman yo senp, men se chema yo kreye yo ki konplike, ou tou vi n konprann pase tout moun. Lè m di tout moun, se tout moun ap fini abandone ou.
Parapò ak chema sa ki konstwi nan may ou an, ou vin kreye yon pèsonalite ki gen yon bann karakteristik :
1- Ou vi n paka fè konfyans.
2- Ou vi n pè renmen.
3- Ou vi n gen dout sou tout bagay, menm nan ou.
4- Ou vi n panse anpil, epi kreye nenpòt fim nan tèt ou pou nenpòt aksyon ki pase devan ou, san ou pa fi n konprann yo.
Tout sa rezime ak yon sèl bagay, ou pè abandon!
Kote toksik ou an vi n devlope nan moman ou rekòmanse renmen yon moun, epi perèz ou a pral anpòte sou lanmou sa. Kidonk, ou di tèt ou san ou pa konsyan, anvan moun sa kite ou menm jan ak lòt yo, pito ou fè zèl, pito ou detache.
Sa pouse ou vi n fè moun sa mal menmjan ou ap fè tèt ou mal, paske sa ou genyen kòm dout la, se li ou fòse fèt, paske se pa tout moun ki vi n pou abandone ou vre!
Ou pral bay tèt ou rezon jou moun sa fatige epi l vire ale. Anplis, ou pral ogmante kwayans sa, tout moun fi n abandone ou, ou pra l wè ou pa merite lanmou.
Men m vi n aprann ou, ou ka geri de sitiyasyon sa, menm si sa pran tan.
Men, kòmanse aplike 4 konsèy sa yo, epi si ou vle akonpanye ak plis konsèy, ou ka kontakte nou:
1) Aksepte pase a : Aksepte ou te gen yon anfans ki konplike, epi ou te gen yon pase ak yon moun ki difisil.
2) Padone :
•Padone manman ak papa ou, paske yo pa t gen yon Liv sou kijan pou yo prezan pou yon timoun.
•Padone moun sa ki te brize ou a, li jis pat merite ou, li jis t ap prepare ou pou pwochen avanti a.
3) Sispann kontwole :
•Sispann cheche yon eksplikasyon a tout sa k egziste.
•Sispann reflechi twòp pou rans!
•Sispann kreye senaryo enposib, kanpe pran tout bagay pèsonèlman.
4) Medite :
•Otokonsyans lan se sèl mwayen k ap pèmèt ou rete konekte ak tèt ou, epi gen kontwòl la.
ALAMUR JUNIOR GILBERT
Otosabotaj
0 comments