Kreyatè a gen yon plan pou chak grenn nanm

Kreyatè a gen yon plan pou chak grenn nanm

Kreyatè a gen yon plan
pou chak grenn nanm

Ou souvan tande sa men w still ap kesyonè tèt ou sou kisa ki plan pa w la ?

Mpa konn ki relijyon w ni kwayans ou men kite m fè w wè mo tantasyon ak peche yon lòt fason.

Bib la son liv ki full metafò pa egzanp pran zo kòt yon moun pou w kreye yon lòt se feblès moun sa, yon koulèv kap pale se tantasyon ki vini sou tout fòm souvan nan fòm ou pata panse, yon pòm byen bèl se vecteur tantasyon sa ki vini ak enpresyon kel bon pou ou an, e sil jwenn ak febles ou… Ou gentan konprann.

Tantasyon w genyen ki pi fò yo, souvan pwente nan direksyon w dwe ale a

Rezon ki fè w gen tantasyon pou kèk bagay, pou kèk peche souvan di w men sou kisa w dwe focus.

- Tantasyon w se bòz la, kleren an ?
: Lisidi w, vwa w se sak onè, koulèv la vle w ret silans, paske si w lisid kapasite w pou w konprann kèk bagay e pale l… hmm.

- Tantasyon an se rabese w, doute de tèt ou ?
: Konfyans nan tèt ou se onè w, koulèv la konnen w se yon lidè, ke w gen kapasite pou w enspire moun.

- Tantasyon w se nenpot distraksyon an, tout sa w komanse ou di wap fini l demen ?
: Sa wap plede repouse a demen, ou konnen w dwe fè ou pa fèl la se li ki onè w, Koulèv la konnen si w pa distrè wap jwenn tout stratèji pou w fini whatever sa w te kòmanse a.

- Tantasyon w se lust, pònografi ?
: Libido w se onè w, koulèv la konnen nan ki pwen w ka pwodiktif si w kanalize enèji seksyèl ou, nan ki pwen w ka kreyatif si w kontwole libido w.

- Tantasyon w se enpilsivite ?
: kontwòl ak enèji se onè w, koulèv la konnen nan ki pwen w pa pè konfli, ni pran de desisyon radikal (militè, ponpye, avoka, coach sport) pwoteje fèb yo.

- Tantasyon w se manipile moun ?
: koulèv la konnen jan w konprann moun, jan w ka enfliyanse moun, jan w ka negosye e pataje yon vision li fè w fè l nan sans negatif lan.


Mpanse w konprann lide an…

Ak sa w souvan pi adikte a, peche w plis renmen fè a, pi gwo defo w genyen an, souvan pwente sou egzakteman sa w dwe fè a ↔️


#aprannkonnenw
#redpill

--------------------------------------------------

*The Creator has a plan*
*for every soul*

You often hear this but are you still questioning yourself about what your plan is?

I don't know what your religion or beliefs are, but let me show you how to see the words temptation and sin in a different way.

The Bible is a book full of metaphors, for example, taking a person's rib to create another is that person's weakness, a talking snake is temptation that comes in all forms, often in forms you don't think of, a beautiful apple is a vector of temptation that comes with the impression that it is good for you, and if it meets your weakness... You already understand.

*Your strongest temptations often point in the direction you should go*

The reasons why you are tempted to do certain things, to commit certain sins, often tell you what to focus on.

- Is your temptation the art, the beauty?
: Your sanity, your voice is a matter of honor, the snake wants you to remain silent, because if you are sane your ability to understand some things and speak them… hmm.

- Is the temptation to belittle you, to doubt yourself?
: Self-confidence is your honor, the snake knows you are a leader, that you have the ability to inspire people.

- Your temptation is any distraction, everything you start you say you'll finish tomorrow?
: What you keep putting off tomorrow, you know you should do, but not doing it is your honor. The Snake knows that if you don't get distracted, you will find all the strategies to finish whatever you started.

- Is your temptation lust, pornography?
: Your libido is your honor, the snake knows how productive you can be if you channel your sexual energy, how creative you can be if you control your libido.

- Is your temptation impulsive?
: control and energy are your honor, the snake knows to what extent you are not afraid of conflict, nor of making radical decisions (military, firefighter, lawyer, sports coach) to protect the weak.

- Is your temptation to manipulate people?
: The snake knows how to understand people, how to influence people, how to negotiate and share a vision, but it makes you do it in a negative way.


I think you get the idea…

And what you are often most addicted to, the sin you love to commit, the biggest flaw you have, often points to exactly what you should do ↔️


#gettoknowyou
#redpill

0 comments

Leave a comment